Fòmasyon sa a bay elèv la yon apèsi sou kijan enfeksyon yo devlope epi gaye nan anviwònman swen lakay, ak wòl moun kap bay swen yo jwe nan prevansyon transmisyon an. Sesyon an kouvri kalite enfeksyon komen yo, chèn enfeksyon an, ak etap enfeksyon an. Elèv yo pral aprann kijan pou rekonèt siy ak sentòm enfeksyon epi konprann faktè ki ogmante risk yon moun.
Fòmasyon an revize tou prekosyon estanda yo, tankou bon ijyèn men, bon itilizasyon ekipman pwoteksyon pèsonèl (EPP), manyen twal sal ak bagay ki kontamine yo san danje, netwayaj ak dezenfeksyon anviwònman an, ak manyen objè pwenti san danje. Nou diskite tou sou risk enfeksyon ki gen rapò ak aktivite lavi chak jou (AVQ) yo ak kilè li apwopriye pou chèche swen ijans, sèvis ijans, oswa kontakte yon founisè swen prensipal.
Pou enskri, tanpri ranpli fòm ki anba a, epi yon òganizatè ap kontakte w pou pataje lyen Zoom lan. Klas sa a ap fèt an kreyòl Ayisyen.